Sòm Yo108hat_bsa
Yon chan. Yon Sòm David
1Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.2Fè leve ap avèk lir!Mwen va fè leve solèy la!3Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.4Paske lanmou dous Ou a gran pase syèl yo,e verite Ou rive jis nan syèl yo.5Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.6Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!7Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.8Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.Ephraïm se kas sou tèt Mwen.Juda se baton wayal Mwen.9Moab se basen lesiv Mwen.Sou Edom, Mwen va jete soulye M.Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”10Se kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?Kilès ki va mennen M Edom?11Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te rejte nou an?Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?12O bannou sekou kont advèsè a,paske delivrans a lòm se anven.13Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.