Sòm Yo104hat_bsa

1Beni SENYÈ a, O nanm mwen!O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.Ou abiye avèk bèlte ak majeste.2Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.3Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.Li mache sou zèl van an.4Li fè van yo vin mesaje Li.Flanm dife yo se minis Li.5Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li,pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.6Ou te kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.7Ak repwòch Ou, yo te sove ale.Lè vwa Ou te sone, yo te kouri ale.8Mòn yo te leve, vale yo te vin fonnan plas ke Ou te kòmande pou yo a.9Ou te plase yon limit pou dlo yo pa ta depase,pou yo pa retounen kouvri tè a.10Li fè sous yo vin koule nan vale yo.Yo koule antre mòn yo.11Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.12Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.13Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.14Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdipou zèv a lòm nan,pou li kab fè manje sòti nan tè a,15e diven ki fè kè a lòm kontan an,pou li kab fè figi li klere ak lwil,ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.16Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,pye sèd Liban ke Li te plante yo,17kote zwazo yo fè nich yo.Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.18Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.Gwo falèz yo se yon kote pou daman yo kache.19Li te fè lalin nan pou sezon yo.Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.20Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,pou tout bèt forè yo mache toupatou.21Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,e chache manje yo nan men Bondye.22Solèy la vin leve.Yo retire yo pou ale kouche nan tanyè yo.23Lòm ale fè travay li.Li fè fòs jis lannwit rive.24O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!Nan sajès, Ou te fè tout bagay.Latè ranpli ak byen Ou yo.25Genyen lanmè, gran e vast.Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm kontegwo bèt, kòn ti bèt.26Genyen gwo bato k ap pase ladann, aklevyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.27Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.28Ou bay yo, e yo ranmase li.Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.29Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.30Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye.Konsa, Ou renouvle fas tè a.31Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.32Li gade tè a e tè a vin tranble.Li touche mòn yo e yo fè lafimen.33Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.34Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.35Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,E mechan yo vin pa la ankò.Beni SENYÈ a, O nanm mwen.Bay SENYÈ a lwanj!