Sòm Yo103hat_bsa

Yon Sòm David

1Beni SENYÈ a, O nanm mwen!Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!2Beni SENYÈ a, O nanm mwen,e pa janm bliye benefis Li yo,3ki padone tout inikite ou yo,ki geri tout maladi ou yo,4ki rachte lavi ou soti nan fòs la,ki kouwone ou avèk lanmou dous avèkmizerikòd;5ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.6SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.7Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,zèv Li yo a fis Israël yo.8SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.9Li p ap toujou goumen ak nou,ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.10Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.11Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.12Menm jan lès lwen lwès la,Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.13Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.14Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.15Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb.Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.16Depi van fin pase sou li, li pa la ankò eplas li a pa rekonèt li ankò.17Men lanmou dous a SENYÈ a,soti pou tout tan jis rive pou tout tansou sila ki gen lakrent Li yoe ladwati Li a pitit pitit li yo,18pou sila ki kenbe akò Li yo,e sonje règleman Li yo pou fè yo.19SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl lae souverènte li regne sou tout bagay.20Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,ki obeyisan a vwa pawòl Li!21Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.22Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,nan tout kote nan wayòm Li an.Beni SENYÈ a, O nanm mwen!