Sòm Yo102hat_bsa
1Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.2Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;Panche zòrèy Ou bò kote m.Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.3Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen,e zo m te chofe tankou yon chemine.4Kè m fin frape tankou zèb.Li fennen nèt.Anverite, mwen bliye manje pen mwen.5Akoz gwo bri kri mwen yo,zo m yo kole sou chè m.6Mwen sanble ak yon grangozye nan dezè.Mwen tankou yon frize nan gran savann.7Mwen kouche zye tou louvri.Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.8Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.9Paske mwen te manje sann kon pen emele bwason m ak dlo zye m,10akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.Ou te leve m wo e te jete m lwen.11Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long.Mwen vin fennen tankou zèb.12Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tanE non Ou jis a tout jenerasyon yo.13Ou va leve pou fè pitye sou Sion,paske se lè pou fè li gras.Lè apwente a fin rive l.14Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.Yo plen tristès akoz pousyè li.15Pou sa, nasyon yo va krent non SENYÈ a,e tout wa latè yo va krent glwa Ou.16Paske se SENYÈ a ki te ranfòse Sion.Li te parèt nan glwa Li.17Li te prete atansyon a lapriyè malere yo,e pa t meprize priyè yo.18Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.Pou yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.19Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,20pou tande vwa plenyen a prizonye a,pou mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,21Pou lezòm ta kab pale sou non SENYÈ a nan Sion,e bay lwanj Li nan Jérusalem,22pandan pèp yo rasanble ansanm akwayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.23Li fin febli fòs mwen nan chemen an.Li rakousi nonb de jou mwen yo.24Mwen te di: “O Bondye mwen an,pa rache m nan mitan jou mwen yo.Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.25Depi tan ansyen yo, Ou te fonde latè,e syèl yo se zèv lamen Ou yo.26Malgre yo peri, Ou menm va rete toujou.Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.27Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.Ane pa Ou yo p ap janm fini.28Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,e desandan pa yo va etabli devan Ou.”