Sòm Yo101hat_bsa
Yon Sòm David
1Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis.A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.2Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.Kilè Ou va vini kote mwen?Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.3Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.Sa p ap tache men l sou mwen.4Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.5Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,li menm, mwen va detwi.Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.6Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menmki va sèvitè mwen.7Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.8Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.