Sòm Yo100hat_bsa
Yon Sòm Remèsiman an
1Rele fò a SENYÈ tout latè a!2Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!Vini devan Li avèk chan lajwa.3Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye.Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.4Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,e nan lakou Li yo avèk lwanj.Ba Li remèsiman!Beni non Li!5Paske Bondye bon.Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,e fidelite Li a tout jenerasyon yo.