Sòm Yo10hat_bsa
1Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?2Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.3Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a;li beni moun voras la,e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.4Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”5Chemen pa li yo reyisi tout tan;Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.6Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm;Pandan tout jenerasyon yo,mwen p ap gen pwoblèm ditou.”7Bouch li plen ak malediksyon, avèktwonpe moun avèk oprime moun.Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.8Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;nan anbiskad yo, li touye inosan yo.Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.9Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.Li kache pou kenbe aflije yo;li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.10Li akwoupi, li pare kò l;konsa malere a vin tonbepa grif pwisan li yo.11Li pale a tèt li: “Bondye bliye.Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”12Leve O SENYÈ!O Bondye, leve men Ou wo!Pa bliye aflije yo!13Poukisa mechan an te meprize Bondye?Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.14Ou te wè sa, paske Ou te wè kontmechanste ak agase moun pou pran sa an men.Malere a ap depann de Ou menm;Se Ou ki konn ede òfelen an.15Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!Dekouvri mechanste li yo jiskaskeOu pa twouve l ankò.16SENYÈ a se Wa a pou tout tan!Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.17O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo;Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,18pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a,pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.