Pwovèb9hat_bsa

1Sajès bati kay li a;li taye sèt gwo pilye li yo.2Li te prepare manje li,li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.3Li voye demwazèl li yo deyò,li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:4“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:5“Vin manje manje mwen an,e bwè diven ke m te melanje a.6Kite foli ou pou ou ka viv;epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
7Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,e sila ki repwoche yon nonm mechanva resevwa ofans sou tèt li.8Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.9Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.10Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajèse konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.11Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,e ane yo ap ogmante sou lavi ou.12Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;li bèt, e li pa konnen anyen.14Li chita devan pòtay lakay li,sou yon chèz akote wo plas vil yo.15Li rele sila ki pase yo,ki ap fè chemen yo dwat yo:16Sila ki pa konnen anyen an,kite li antre isit la.Pou sila ki manke konprann nan, li di:17“Dlo yo vòlè douse pen ki manje an sekrè byen agreyab.”18Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.Vizitè li yo la.Yo nan fon Sejou mò yo.