Pwovèb8hat_bsa

1Èske sajès pa rele?Èske bon konprann pa leve vwa li?2Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;la li pran pozisyon li.3Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la,nan antre pòtay yo, li kriye fò:4Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.5O moun ensanse yo, vin aprann pridans!Moun fou yo, vin konprann sajès!6Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.7Paske bouch mwen va eksprime verite;epi mechanste vin abominab a lèv mwen.8Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.9Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.10Pran konsèy mwen olye ajan,e konesans olye pi chwa nan lò pi.11Paske, sajès pi bon ke bijou;epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.13Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.14Konsèy ak bon sajès se pou mwen.Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.15Akoz mwen, wa yo vin renye;e gouvènè yo fè dekrè lajistis.16Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;tout moun ki fè jijman ki bon yo.17Mwen renmen sila ki renmen m yo.Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.18Richès ak lonè avèk m;richès k ap dire ak ladwati.19Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.20Mwen mache nan ladwati,nan mitan wout lajistis yo,21Pou m bay a sila ki renmen m, richès;pou m kab ranpli kès yo.
22SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li;menm avan zèv ansyen Li yo.23Depi nan etènite, mwen te etabli,depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.24Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt,lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.25Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,mwen te fèt;26pandan li potko fè tè a ak chan yo,ni premye grenn pousyè mond lan.27Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,28lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,lè sous nan fon yo te vin etabli,29lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,lè Li te make tras fondasyon tè a;30Nan tan sa a, mwen te akote Li,yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounene te rejwi devan L tout tan,31Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
32“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.33Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.34Beni se moun ki koute mwen an,k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,k ap veye kote poto pòt kay mwen an.35Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavie resevwa lonè devan SENYÈ a.36Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”