Pwovèb31hat_bsa

1Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2“O fis mwen an!O fis a vant mwen an!O fis a ve mwen yo!3Pa bay fòs ou a fanm,ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.4Se pa pou wa yo, O Lemuel,se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,5Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,e tòde dwa a sila ki aflije yo.6Bay bwason fò a sila k ap peri a,ak diven a sila ki gen lavi anmè a.7Kite li bwè pou bliye mizè lie pa sonje pwoblèm li ankò.8Ouvri bouch ou pou bèbè a;pou dwa yo a tout sila ki san sekou.9Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
10Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?Paske valè li depase bijou.11Kè a mari li mete konfyans nan lie li p ap manke reyisi.12Li fè l sa ki bon e pa sa ki malpandan tout jou lavi li.13Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.14Li tankou bato komès;li mennen manje li soti byen lwen.15Anplis, li leve pandan li toujou fènwa poubay manje a tout lakay li,ak yon pòsyon pou sèvant li yo.16Li konsidere yon chan e achte li.Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.17Li mare senti l ak gwo fòspou fè bra li vin fò.18Li santi ke siksè li bon;lanp li pa janm etenn lannwit.19Li lonje men l vè aparèy tise ae men l kenbe l.20Li lonje men l vè pòv yoavèk sila ki gen bezwen an.21Lakay li pa fè krent pou lanèj,paske tout lakay abiye an wouj.22Li fè kouvèti pou tèt li;tout vètman li se twal fen blan ak mov.23Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo,lè l chita pami ansyen a peyi yo.24Li fè vètman an len pou vann yo,e founi sentiwon a tout komèsan yo.25Fòs ak respè se abiman lie li souri a lavni.26Li ouvri bouch li avèk sajèse enstriksyon ladousè sou lang li.27Li gade byen tout afè lakay lie li pa manje pen laparès.28Pitit li yo leve e beni li;mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:29“Anpil fi te fè byen bon;men ou pi bon anpil pase yo tout.”30Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;men se fanm nan ki krent SENYÈ ak ap resevwa lwanj.31Ba li sa ke men l te pwodwi,epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.