Pwovèb29hat_bsa
1Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòchva vin kraze sibitman san remèd.2Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.3Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan;men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.4Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.5Yon nonm ki flate vwazen liap ouvri filè pou pla pye li.6Pa transgresyon yon nonm mechanvin pran nan pyèj nèt;men moun dwat la va chante e rejwi.7Moun ladwati a gen kè pou dwa malere;men mechan an pa menm konprann afè sa a.8Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;men moun saj yo kalme kòlè.9Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.10Moun k ap vèse san rayi inosan an;men moun dwat yo pwoteje lavi li.11Moun san konprann toujou fache;men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.12Si gouvènè a prete atansyon a manti,tout minis li yo va vin mechan.13Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.14Si yon wa jije pòv yo ak verite,twòn li va etabli jis pou tout tan.15Baton ak repwòch bay sajès;men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.16Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;men moun dwat yo va wè tonbe yo.17Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.18Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren;men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.19Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;paske malgre li konprann, li p ap reponn.20Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi?Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.21Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,nan lafen, twouve yon fis.22Yon nonm an kòlè pwovoke konflie yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.23Ògèy a yon nonm va mennen li ba;men yon lespri enb va jwenn respè.24Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;li pran sèman an men li pa pale anyen.25Lakrent a lòm mennen yon pèlen;men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.26Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.27Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat,yon nonm ladwati abominab a mechan yo.