Pwovèb28hat_bsa
1Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.2Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.3Yon moun pòv ki peze malerese tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.4Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan;men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.5Moun mechan yo pa konprann lajistis;men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.6Pi bon se malere ki mache ak ladwati apase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.7Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.8Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.9Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,menm lapriyè li abominab.10Sila ki egare moun dwat la nan move chemen anva li menm tonbe nan pwòp fòs li;men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.11Mesye rich la saj nan pwòp zye l;men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.12Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.13Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.14A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.15Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.16Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.17Yon nonm ki twouble ak koupabilite san mounva yon fijitif jiskaske li mouri.Pinga pèsòn ba li soutyen.18Sila ki mache san tò a va delivre;men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.19Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.20Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.21Montre patipri pa bon,paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.22Yon nonm ak move zye kouri dèyè richèse li pa konnen kisa k ap rive li.23Sila ki bay yon moun repwòchva jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.24Sila ki vòlè papa li oswa manman lepi di: “Sa pa yon transgresyon”,se parèy ak yon moun ki detwi.25Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.26Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;men sila ki mache ak sajès la va delivre.27Sila ki bay a malere a p ap janm manke;men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.28Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;men lè yo peri moun dwat yo vin plis.