Pwovèb27hat_bsa

1Pa vin ògeye sou bagay demen,paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.2Kite yon lòt moun ba ou lwanj,e pa fè ak pwòp bouch ou.Kite l fèt pa yon ou pa konnen,e pa de pwòp lèv ou.3Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;men moun ensanse k ap anmède api lou pase yo tou de.4Fachez rèd fè move.Kòlè se yon inondasyon.Men se kilès ki ka kanpe devan jalouzi.5Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.6Fidèl se blese a yon zanmi;men twonpri se bo a yon ènmi.7Moun vant plen rayi siwo myèl;men pou sila ki grangou,nenpòt bagay anmè vin dous.8Tankou yon zwazo ki egare nich li,se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.9Lwil ak pafen fè kè kontan;se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.10Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou.Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.11Sèvi ak sajès, fis mwen,e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.12Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;men sila ki fou a avanse pou peye pri a.13Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.14Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,sa va rekonèt kon madichon pou li.15Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapliavèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:16Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,oswa sezi lwil ak men dwat li.
17Se fè ki file fè;se konsa yon nonm file zanmi l.18Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.19Tankou nan dlo, figi reflete figi,konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.20Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;ni zye a lòm pa janm satisfè.21Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.22Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
23Konnen byen kondisyon a bann ou yo,e okipe twoupo ou yo;24paske richès pa la pou tout tan,ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.25Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,e zèb mòn yo fin ranmase.26Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,e kabrit yo va mennen pri a yon chan.27Lèt kabrit ap kont pou manje ou,pou manje tout lakay ou,ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.