Pwovèb23hat_bsa
1Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,konsidere byen sa ki devan ou.2Konsa, mete yon kouto sou gòj ousi ou se yon nonm ak gwo lanvi.3Pa dezire bon manje sa yo,paske se yon repa desepsyon.4Pa fatige kò ou pou jwenn richès;sispann reflechi sou sa.5Depi ou mete zye ou sou li, l ale.Paske, anverite, li gen zèl kon yon ègk ap vole vè syèl yo.6Pa manje pen a yon mesye ki chich,ni anvi bèl bagay li;7paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.8Ou va vomi mòso ke ou te manje ae gaspiye tout bèl pawòl ou yo.9Pa pale nan zòrèy a moun sòt,paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.10Pa deplase ansyen bòn nan,ni antre nan chan òfelen yo,11Paske Redanmtè yo a pwisan.Li va plede ka yo kont ou.12Aplike kè ou a disiplinak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.13Pa ralanti disiplin sou yon timoun;malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.14Ou va frape li ak batonpou delivre nanm li de sejou mò yo.15Fis mwen an, si kè ou saj,pwòp kè m va kontan tou.16Wi, jis anndan m va rejwilè lèv ou pale sa ki dwat.17Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.18Anverite, gen davni,e espwa ou p ap anile.19Koute, fis mwen an, vin sajpou dirije kè ou nan chemen an.20Pa bwè twòp diven,ni fè voras nan manje vyann;21paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.22Koute papa ou ki te fè ou a,e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.23Achte verite e pa vann li!Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.24Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.25Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;kite fanm ki te fè ou a, rejwi.26Ban m kè ou, fis mwen an;kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.27Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,e yon fanm adiltè se yon ti pwi etwat.28Anverite, li kache veye tankou vòlè,pou l ogmante enfidelite pami lòm.29Se kilès ki gen gwo pwoblèm?Se kilès ki gen tristès?Se kilès ki gen konfli?Se kilès kap plenyèn?Se kilès ki blese san rezon?Se kilès ki gen zye wouj?30Sila ki mize sou diven nan,sila ki ale goute diven mele an.31Pa gade diven an lè l wouj,lè l fè klè nan tas la,lè l desann byen dous.32Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;li brile tankou bouch koulèv.33Zye ou va wè bagay ki dwòl,e panse ou va twouble anpil.34Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.35“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”