Pwovèb21hat_bsa

1Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;Li vire l kote Li vle.2Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;men SENYÈ a peze kè yo.3SENYÈ a pito ladwati ak lajistisplis pase sakrifis.4Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;lanp a mechan yo se peche.5Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.6Ranmase anpil byen ak lang k ap bay mantise yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.7Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,akoz yo refize aji ak jistis.8Chemen a yon moun koupab kwochi;men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.9Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati apase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.10Nanm a mechan an vle mal;vwazen li an pa twouve gras nan zye l.11Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.12Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,afè mechan an vin detwi nèt.13Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a,va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.14Yon kado vèse an sekrè kalme fachez,e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.15Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.16Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,va jwenn repo nan asanble mò yo.17Sila ki renmen plezi, va vin pòv;sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.18Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo;e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.19Li pi bon pou rete nan dezèpase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.20Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;men, moun san konprann nan vale tout.21Sila ki swiv ladwati ak fidelite ajwenn lavi, ladwati ak lonè.22Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan,e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.23Sila ki veye bouch li ak lang lipwoteje nanm li kont gwo twoub.24Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.25Se volonte a parese a ki fè l mouri,paske men li refize travay;26Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.27Sakrifis a mechan yo abominab;se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.28Yon fo temwen va peri;men sila ki koute verite a va pale ak letènite.29Moun mechan an afiche yon figi brav;men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.30Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.31Cheval la prepare pou jou batay la;men viktwa a se nan men SENYÈ a.