Pwovèb20hat_bsa
1Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.2Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;sila ki fè l fache va pèdi lavi l.3Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe;alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.4Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.5Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.6Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;men kibò pou jwenn yon nonm onèt?7Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;A la beni fis ki vini apre li yo beni!8Yon wa ki chita sou twòn lajistisfè tout mal sove ale ak pwòp zye l.9Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;mwen vin pirifye de tout peche m?”10Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;tou de abominab a SENYÈ a.11Menm yon ti moun se rekonnet pa zèv li yo;si li aji byen e si kondwit li dwat.12Zòrèy ki tande ak zye ki wè;se SENYÈ a ki te fè tou de.13Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.14“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.15Gen lò ak tout kalite bijou;men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.16Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.17Pen kòn twouve nan bay manti dous;men pita, bouch la plen gravye.18Fè tout plan ak konsiltasyon;fè lagè ak konsèy saj.19Sila ki difame moun devwale sekrè;pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.20Sila ki modi papa li oswa manman li an,lanp li va etenn nan tan fènwa.21Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.22Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;tann SENYÈ a, e Li va sove ou.23Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;tou de abominab a SENYÈ a.24Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?25Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.26Yon wa ki saj va vannen mechan yoe fè wou moulen pase anwo yo.27Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,ki chache pati ki pi entim nan li yo.28Fidelite ak verite prezève wa a,e ladwati bay twòn li an soutyen.29Glwa a jèn yo se fòs yo,e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.30Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;li frape rive nan pati pi fon yo.