Pwovèb17hat_bsa
1Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapèpase yon kay ak gwo manje nan konfli.2Yon sèvitè ki aji avèk sajèsva renye sou yon fis ki aji ak wont;li va pataje eritaj la pami frè yo.3Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò;men SENYÈ a ap sonde tout kè.4Yon malfektè koute lèv mechan yo;yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.5Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.6Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,e glwa a fis yo se papa yo.7Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.8Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;nenpòt kote li vire, li byen reyisi.9Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.10Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nanpase anpil kou sou yon moun ensanse.11Yon nonm rebèl se mal l ap chache;konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.12Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li,pase yon moun ensanse nan mitan foli li.13Pou sila ki remèt mal pou byen an,mal la p ap janm kite lakay li.14Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;konsa, kite kont la avan l kòmanse.15Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la;tou de abominab a SENYÈ a.16Poukisa gen kòb nan men moun ensanse apou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?17Yon zanmi renmen tout tan;yon frè fèt pou move tan.18Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,e devni responsab nan prezans a vwazen li.19Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli;sila ki awogan an, chache gwo dega.20Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.21Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.22Yon kè kontan se bon remèd;men yon lespri brize seche tout zo.23Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;pou l tòde chemen lajistis.24Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.25Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.26Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la,ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.27Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.28Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.