Pwovèb13hat_bsa

1Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,men yon mokè pa koute repwòch.2Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;men volonte moun infidèl se vyolans.3Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.4Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;men nanm a moun dilijan an vin gra.5Yon nonm dwat rayi sa ki fo;men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.6Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;men mechanste fè pechè a vin souye nèt.7Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.8Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;men malere a pa tande menas.9Limyè a moun dwat la se rejwisans;men lanp a mechan an va etenn.10Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.11Richès ki sòti nan manti koule ale;men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.12Lespwa jennen fè kè a malad;men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.13Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a;men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.14Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavipou detounen pèlen lanmò a.15Bon konprann pwodwi favè;men chemen moun ki pa fidèl la di.16Tout moun ki pridan aji ak konesans;men yon moun san konprann parèt ak foli li.17Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon18Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;men sila ki konsidere repwòch la va onore.19Yon dezi ki realize se dous a nanm nan,men moun bèt pa vle kite mechanste.20Sila ki mache ak moun saj va vin saj;men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.21Se malè ki kouri dèyè pechè yo;men moun dwat yo va pwospere.22Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.23Gen anpil manje nan tè malere a;men li fin bale nèt akoz enjistis.24Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.25Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;men vant mechan an toujou gen bezwen.