Pwovèb11hat_bsa
1Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;men yon pwa ki jis se plezi Li.2Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;men avèk moun enb lan, se sajès.3Entegrite a moun dwat la va gide yo;men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.4Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.5Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.6Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.7Lè yon nonm mechan mouri,sa li anvizaje a mouri avè l.8Moun dwat la va delivre soti nan twoub;men mechan an va pran plas li.9Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;men ak konesans, moun dwat yo va delivre.10Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.11Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.12Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.13Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.14Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;men ak anpil konseye, gen viktwa.15Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen,va vrèman soufri pou sa a;men sila ki rayi vin yon garanti va asire.16Yon fanm ak gras twouve onè;e mesye san prensip yo twouve richès.17Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li;men yon nonm mechan fè tèt li mal.18Mechan an ranmase salè li nan koken;men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.19Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.20Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.21Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;men desandan a moun dwat yo va delivre.22Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.23Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;men dezi a mechan an mennen jijman.24Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.25Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.26Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la;men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.27Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;men sila ki chache mal la,se mal la k ap vin jwenn li.28Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.29Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.30Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,e sila ki saj va sove nanm yo.31Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!