Pwovèb1hat_bsa

1Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:2pou konnen sajès avèk enstriksyon,Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,3Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;4Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.5Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans lie yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,6Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.8Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,e pa abandone leson a manman ou yo;9Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.10Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.11Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san,annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;12Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo,menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.13Nou va jwenn tout kalite byen presye,nou va ranpli lakay nou ak piyaj.14Tire osò pa ou ansanm ak nou.Nou tout va gen yon sèl bous”—15Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo.Anpeche pye ou antre sou wout yo,16Paske pye yo kouri jwenn mal,e yo fè vit pou yo vèse san.17Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gayedevan nenpòt kalite zwazo;18men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo.Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.19Se konsa tout chemen yo ye a poutout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans.Se pwòp lavi yo kap vin rache.
20Sajès rele fò nan lari.Li leve vwa li nan plas la.21Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.Nan antre pòtay lari yo,li fè moun tande tout pawòl li yo:22“Jiskilè, O moun san bon konprann yo,nou va renmen rete san konprann anyen?Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun emoun san konprann yo rayi konesans?23Vire sou repwòch mwen an.Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou.Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.24Akoz mwen te rele nou e nou te refize;mwen te lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,25men nou te neglije tout konsèy mwen yo,e nou pa t vle tande repwòch mwen;26konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,27lè gran laperèz nou rive tankou tanpète gwo dezas nou yo tankou toubiyon,lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.28Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,29akoz yo te rayi konesanse pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.30Yo te refize konsèy mwen.Yo te rejte tout repwòch mwen yo.31Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo,e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.32Paske chemen kwochi a mounsan konprann yo va touye yo.Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.33Men sila ki koute mwen anva viv ansekirite,e li va rete alèz san pè malè.”