Nonb33hat_bsa
1Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron.2Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.3Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo,4pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.5Alò, fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth.6Yo te vwayaje soti Succoth pou te fè kan nan Etham, ki sou kote dezè a.7Yo te vwayaje soti Etham pou te vire fè bak jis nan Pi-Hahiroth, ki anfas Baal-Tsephon, e yo te vin fè kan devan Migdol.8Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham an, e yo te vin fè kan nan Mara.9Yo te vwayaje soti Mara pou te rive nan Élim. Nan Élim, te gen douz sous dlo, swasann-dis pye palmis, e yo te fè kan an.10Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj.11Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan dezè Tsin nan.12Yo te vwayaje soti nan dezè Tsin nan pou te fè kan nan Dophka.13Yo te vwayaje soti nan Dophka pou te fè kan nan Alusch.14Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a.15Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan dezè Sinaï a.16Yo te vwayaje soti nan dezè Sinaï a pou te fè kan nan Kibroth-Hattaava.17Yo te vwayaje soti nan Kibroth-Hattaava pou te fè kan nan Hatséroth.18Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma.19Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets.20Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan Libna.21Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa.22Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha.23Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher.24Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda.25Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth.26Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath.27Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach.28Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka.29Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona.30Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan Moséroth.31Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan.32Yo te vwayaje soti nan Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad.33Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan Jothbatha.34Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona.35Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan Etsjon-Guéber.36Yo te vwayaje soti nan Etsjon-Guéber pou te fè kan nan dezè a Tsin nan: sa vle di, Kadès.37Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan lizyè peyi Édom an.38Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a.39Aaron te gen san-venn-twazan (123) lè li te mouri sou Mòn Hor a.40Alò, Kananeyen an, wa a Arad ki te rete Negev la nan peyi Canaran an, te tande ke fis Israël yo t ap pwoche.41Alò, yo te vwayaje soti nan Mòn Hor pou te fè kan nan Tsalmona.42Yo te vwayaje soti nan Tsalmona pou te fè kan nan Punon.43Yo te vwayaje soti nan Punon pou te fè kan nan Oboth.44Yo te vwayaje soti nan Oboth pou te fè kan nan Ijjé-Abarim nan lizyè Moab la.45Yo te vwayaje soti nan Ijjé-Abarim pou te fè kan nan Dibon-Gad.46Yo te vwayaje soti nan Dibon-Gad pou te fè kan nan Almon-Diblathaïm.47Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn Abarim yo devan Nebo.48Yo te vwayaje soti nan mòn Abarim yo pou te fè kan nan plèn a Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.49Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.50Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:51Pale avèk fis Israël yo e di yo, “Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an,52alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.53“Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li.54Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.55“Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a.56Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.”