Nonb1hat_bsa

1SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:2“Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt,3soti nan ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo.4Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li.5“Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur;6pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï;7pou Juda: Nachschon, fis a Amminadab;8pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar;9pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon;10pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur;11pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni;12pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï;13pou Aser: Paguiel, fis a Ocran;14pou Gad: Éliasapah, fis a Déuel;15pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.”16Se sila yo ki te rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël.17Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo.18Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.19Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.20Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.21Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san (46,500).22Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.23Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san (59,300).24Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.25Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).26Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.27Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).28Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.29Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).30Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.31Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).32Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.33Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san (47,500).34Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.35Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san (32,200).36Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.37Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san (35,400).38Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.39Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san (62,700).40Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.41Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san (41,500).42Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.43Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san (53,400).44Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo.45Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël.46Jiskaske tout mesye ki te konte yo te sis-san-twa-mil-senk-san-senkant. (603,550).47Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo.48Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:49“Sèlman tribi Levi a, nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo.50Men nou va chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la.51Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò.52“Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo.53Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”54Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.