Lamantasyon Yo3hat_bsa

1Mwen se moun ki te wè afliksyonakoz baton kòlè Li a.2Li te mennen mwen,e te fè m mache nan tenèb,pa nan limyè.3Anverite, li te vire men L kont mwenplizyè fwa, tout jounen an.
4Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen,Li te kase zo m yo.5Li te jennen mwen e te antoure mak ametim ak difikilte.6Nan kote ki fènwa, li te fè m abite,tankou sila ki fin mouri lontan yo.
7Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti.Li te fè chenn mwen an byen lou.8Menm lè m kriye e rele sekou,Li fèmen lapriyè m deyò.9Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye.Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
10Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann,tankou yon lyon nan kote an kachèt.11Li te detounen tout chemen mwen yoe Li te chire mwen an mòso;Li te fè m vin dezole nèt.12Li te koube banza Li,e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
13Li te fè flèch nan fouwo L yoantre nan ren mwen.14Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an,chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.15Li te plen mwen ak anmetim.Li te fè m sou ak dlo absent.
16Li te kase dan m ak gravye.Li fè m kache nan pousyè.17Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò.Bonè vin bliye pou mwen.18Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri,ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
19Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.20Anverite, nanm mwen sonje yo.Li vin koube anndan mwen.21Men sa mwen sonje nan tèt mwen;pou sa, mwen gen espwa.
22Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,paske mizerikòd Li p ap janm manke.23Yo renouvle chak maten.Gran se fidelite Ou.24“SENYÈ a se pòsyon mwen.”Se sa nanm mwen di m.Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,a moun ki chache Li a.26Se bon pou yon nonm gen espwa,e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.27Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
28Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans,akoz Li te poze sa sou li.29Kite li mete bouch li nan pousyè,si se konsa, pou l ka gen espwa.30Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la.Kite li ranpli ak repwòch.
31Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.32Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive;alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.33Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije,oswa pou atriste fis a lòm yo.
34Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,35pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,36pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
37Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive,amwenske Senyè a te pase lòd la?38Èske sa ki bon ak sa ki malpa soti nan bouch a Pi Wo a?39Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen,yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
40Annou egzamine e sonde wout nou yopou nou retounen kote SENYÈ a.41Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;42Nou te peche e nou te fè rebèl;Ou pa t padone.
43Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou.Ou te touye.Ou pa t gen pitye menm.44Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè,pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.45Ou fè nou kon poupou bèt ak fatraki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
46Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.47Sezisman ak pyèj tonbe sou nou,ravaj ak destriksyon.
48Zye m koule nèt ak flèv dloakoz destriksyon a fi a pèp mwen an.49Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,50jiskaske SENYÈ a gade anbasoti nan wotè syèl la pou wè.51Zye m pote doulè rive nan nanm mwen,akoz tout fi nan vil mwen.
52Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo.Se lènmi m san koz.53Yo te fè m rete an silans nan twou fòs lae te poze yon wòch sou mwen.54Dlo yo te koule depase tèt mwen.Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
55Mwen te rele non Ou, O SENYÈ,depi nan twou fòs pi ba a.56Ou te tande vwa m:pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou,ak kriyè mwen an.
57Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a.Ou te di: “Pa pè!”
58O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an.Ou te rachte lavi mwen.59O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime.Jije ka m nan.60Ou te wè tout vanjans pa yo;tout manèv yo kont mwen.
61Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ,tout manèv yo kont mwen.62Lèv a sila k ap atake m yoak konplo yo kont mwen tout lajounen.63Gade jan yo chita ak jan yo leve;se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
64Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ,selon zèv men yo.65Ou va bay yo yon kè ki di;madichon pa yo va sou yo.66Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Oue detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!