Joël3hat_bsa
1“Paske gade byen, nan jou sila yoak nan lè sa a,lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,2Mwen va rasanble tout nasyon yopou mennen yo desann nan vale Josaphat la.Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yopou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,ke yo te gaye pami nasyon yo.Yo te divize tè Mwen an,3epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an.Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiyeak yon fi yo vann pou diven,pou yo ta ka bwè.”4“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,ak tout rejyon a Philistine yo?Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?Men si Mwen pa jwenn rekonpansbyen vit e san delè,Mwen va fè rekonpans nou anretounen sou tèt nou.5Akoz nou te pran ajan Mwenak lò Mwen, e te mennen bagaypresye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,6epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yobay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,7gade byen, Mwen va fè yo leve sotinan plas kote nou te vann yo,pou retounen rekonpans nou ansou pwòp tèt nou.8Anplis, Mwen va vann fis nou yoak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo,yon nasyon byen lwen,”paske SENYÈ a fin pale.9Pwoklame sa pami nasyon yo:“Prepare nou pou fè lagè!Anime mesye pwisan yo!Kite tout sòlda yo vin pi pre.Kite yo monte kote nou.10Bat lam cha pou yo fè epe,ak kwòk rebondaj pou fè lans.Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’11Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.Rasanble nou ansanm.”Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.12“Kite nasyon yo leve pwop tèt yopou vin monte nan vale Josaphat la;paske se la Mwen va chita pou jijetout nasyon ki ozalantou yo.13Fè antre boutdigo rekòlt la,paske rekòlt la vin mi.Vin mache foule anba pye,paske pèz diven an vin plen.Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”14Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.15Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,e zetwal yo va pèdi briyans yo.16Senyè a va gwonde soti nan Sion,e va sone vwa Li soti Jérusalem.Syèl yo ak tè a va tranble,men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a,ak yon sitadèl pou fis Israël yo.17Konsa, nou va konnenke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.Nan lè sa a Jérusalem va sen,e etranje yo p ap pase ladann ankò.18Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.Nan kolin yo, se lèt ki va koule;tout ravin nan Juda va gen dlo,epi yon sous va sòti lakay SENYÈ apou awoze vale a Sittim nan.19Égypte va vin yon dezè,Edom va vin yon savann dezole,akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.20Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tane Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.21Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,paske SENYÈ a rete nan Sion.”