Job7hat_bsa
1“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè?Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?2Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,tankou jounalye k ap tann kòb li,3se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.4Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.5Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.Po m vin di e li koule pij.6Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a.Yo fini sanzespwa.7Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf;zye m p ap wè sa ki bon ankò.8Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.9Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.10Li p ap retounen ankò lakay li,ni plas li p ap rekonèt li ankò.11“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.Mwen va pale nan doulè lespri m;mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.12Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a,pou Ou te mete gad sou mwen?13Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo,sofa m va soulaje plent mwen,’14answit, Ou fè m krent ak rèv,e teworize m ak vizyon;15jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;pito lanmò olye doulè mwen yo.16Mwen fin epwize nèt;mwen p ap viv tout tan.Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.17Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou lie pou Ou bay ka li enpòtans,18pou Ou fè l pase egzamen chak maten efè l pase eprèv chak moman?19Èske Ou p ap janm sispann gade m,ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?20Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,Ou menm, ki gadyen lòm?Poukisa Ou te fè m objè tiraj Oujiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?21Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo,e retire inikite mwen yo?Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”