Job4hat_bsa

1Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;2Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,èske ou va pèdi pasyans?Men se kilès ki kab refize pale?3Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun;ou te ranfòse menm fèb yo.4Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.5Men koulye a, se sou ou sa rive,e ou pa gen pasyans.Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.6Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7“Sonje byen se kilès ki kon peri inosan?Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?8Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo,ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.9Pa souf Bondye, yo peri,e pa van chalè Li, yo fini nèt.10Gwo vwa a lyon fewòs la,vwa fewòs a lyon an,e dan a jenn lyon yo fin kase.11Pi gran lyon an peri paske li manke manje,e pitit li yo vin gaye.
12“Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.13Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,lè dòmi pwofon tonbe sou moun,14laperèz te vini sou mwen.Mwen te tranble e zo m yo te souke.15Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.16Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.Yon fòm te devan zye m.Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:17'Èske lòm kapab jis devan Bondye?Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?18Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans;ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.19Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,ki gen pousyè kon fondasyon,ki vin kraze devan papiyon!20Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;san yo pa wè anyen, yo peri nèt.21Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?Yo mouri konsa, san sajès.'