Job38hat_bsa

1Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:2Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen anak pawòl san konesans yo?3Alò, mare senti ou tankou gason,M ap mande ou e ou va enstwi M!
4“Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?Pale si ou gen bon konprann,5Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?6Sou kilès baz li yo te fonse?Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,7lè zetwal maten yo te chante ansanm,e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
8“Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo,lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;9lè M te fè yon nwaj sèvi vètman lie fènwa byen pwès kon rad anfans li,10epi Mwen te plase lizyè sou li,e te kadnase pòt li yo,11lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;men la vag ògèy ou va rete’?
12“Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,e fè solèy granmaten an konnen plas li,13pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latèe souke l nèt pou yo sòti ladann?14Li vin chanje tankou ajil anba yon so;epi prezante la tankou yon abiman.15Sou mechan yo, limyè yo retiree bwa souleve a vin kase.
16“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo,oswa mache nan fon pwofondè a?17Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm?Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?18Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a?Di M si ou konnen tout sa a.
19“Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a?Epi tenèb la, kote landwa li,20pou ou ta mennen li nan limit li,pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?21Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa,e kantite jou ou yo vast!22Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo,oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,23ke M te rezève pou tan twoub la,pou jou lagè ak batay la?24Kote chemen a ki pou fè loray divize aoswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
25“Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,26Pou mennen lapli nan yon teren kote nanpwen moun,nan yon dezè san pèsòn ladann,27Pou satisfè yon peyi savann dezolee fè grenn zèb yo vin jèmen.28Èske lapli gen papa?Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?29Nan ki vant manman a sila glas la te sòti?Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?30Dlo vin di tankou wòche sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
31“Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo,oswa lage kòd zetwal Orion yo?32Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?33Èske ou konnen tout règleman syèl la,oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?34Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo,pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?35Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?36Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm,oswa te bay bon konprann nan panse a?37Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,oswa vide gwo krich dlo syèl yo,38Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dloe bòl tè yo vin kole ansanm?
39“Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje,oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,40Lè yo kouche nan kav pa yoe kouche tann pèlen bò lakay yo?41Se kilès ki prepare manje pou kòbo alè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?