Job37hat_bsa

1“Pou sa, menm kè mwen konn tranble.Li vòltije kite plas li.2Koute, O koute byen bri vwa L,k ap gwonde tankou tonnèak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.3Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale,ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.4Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò;Li gwonde ak vwa majeste Li a.Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.5Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a.L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.6Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,e a inondasyon lapli a, Li di:‘Kontinye tonbe fò’.7Li sele men a chak òm,pou tout moun kab konnen zèv Li yo.8Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yoe rete lakay yo.9Men sòti nan sid, tanpèt la parète nan nò, fredi a.10Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt,e sifas dlo yo vin glasi.11Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou;Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.12Li chanje; Li gide l vire tounenpou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.13Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an,oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
14“Tande sa byen, O Job;Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.15Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo,e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?16Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo,mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?17Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?18Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yoki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?19Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li;paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.20Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale?Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
21“Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yosof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.22Sòti nan nò, se reyon majeste an lò;Bondye antoure ak majeste etonnan.23Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li.Li egzalte nan pouvwa Li.Jistis Li ak ladwati Li gran;Li pa janm oprime.24Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li;Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”