Job30hat_bsa
1Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m.Papa a sila mwen pat ta dakò poumete ansanm ak chen bann mouton yo.2Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?Gwo fòs te deja disparèt nan yo3akoz mank bagay ak grangou.Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.4Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.Manje yo se rasin bayawonn.5Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,6jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,nan twou tè ak nan wòch yo.7Pami rak tibwa yo, yo rele fò.Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.8Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.9Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib;mwen devni yon pawòl betiz pou yo.10Yo pè m, yo kanpe lwen m,e yo pa sispann krache nan figi m.11Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,yo rete retire brid la nèt devan m.12Sou men dwat lan, nich sa vin leve.Yo rale pye mwen akote.Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.13Yo gate wout mwen.Yo bourade lachit mwensan mande sekou.14Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;nan mitan tanpèt, yo woule m.15Gwo perèz yo vin vire kont mwen.Yo tanmen gate respè m tankou van.Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.16Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt.Jou afliksyon yo sezi m.17Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m,e sa yo kap manje m pa pran repo.18Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen.Li mare m nèt tankou kolye manto m.19Li te jete mwen nan labou,e mwen te vin tankou pousyè ak sann.20Mwen kriye a Ou menm pou sekou,men Ou pa reponn mwen.Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.21Ou vin okipe m ak mechanste.Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.22Ou leve m wo sou van, e fè m monte;epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.23Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò,jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.24Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?25Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?26Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.27Kè m twouble nèt anndan m.Mwen pa kab poze.Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.28Mwen fè dèy toupatou san solèy.Mwen kanpe nan asanble;mwen rele sekou.29Mwen te vin frè ak chen mawon,zanmi ak otrich la.30Chè m vin nwa sou mwen,li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.31Pou sa, se doulè ap mwen jwe,e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.