Job3hat_bsa
1Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.2Job te di:3“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’4Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.Pa kite Bondye anwo a pran swen li,ni limyè vin klere sou li.5Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li.Kite fènwa jou sa a modi li.6Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.7Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.8Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,sila ki prè pou fè Levyatan leve kò l.9Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.Kite li espere limyè, men pa twouve l.E kite li pa wè maten vin parèt,10akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,ni kache twoub devan zye m.11“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?Sòti nan vant li e mouri la menm?12Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?13Paske koulye a mwen t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,14ansanm ak wa ak konseye latèki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;15oswa avèk prens ki te gen lò yo,ki t ap plen lakay yo ak ajan;16Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.17La, mechan yo sispann fè laraj,e la moun fatige yo jwenn repo.18Prizonye yo alèz ansanm.Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.19Ni piti, ni gran yo la.E esklav la lib de mèt li.20“Poukisa limyè bay a sila ki soufri a,e lavi a nanm anmè a,21ki anvi wè lanmò, men nanpwen,e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,22ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?23Poukisa limyè bay a yon nonm ak chemen an kache a,ke Bondye te jennen tout kote a?24Paske soupi mwen yo parèt menm momanmanje a rive devan ze m.Epi kri mwen yo vide tankou dlo.25Paske sa m krent lan te vini sou mwen.Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.26Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.Mwen pa jwenn repo,ni m pa kal,men se boulvèsman ki vin parèt.”