Job21hat_bsa

1“Konsa, Job te reponn:2Koute pawòl mwen byen pre;kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.3Pran pasyans pou m kab pale,epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.4Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm?Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?5Gade mwen! Vin etone!Kouvri bouch ou ak men ou!6Lè m sonje, mwen twouble.Chè m vin ranpli ak laperèz.
7“Poukisa mechan yo viv toujou,vin vye e vin pwisan nèt?8Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo,ak pitit pa yo devan zye yo.9Lakay yo pwoteje kont laperèz,e baton Bondye pa janm rive sou yo.10Towo yo toujou kouple san manke.Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.11Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann.Yo flannen e danse toupatou.12Yo chante ak tanbouren avèk ap,e rejwi ak son flit la.13Yo pase jou yo nan byen reyisi.Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.14Yo di Bondye: ‘Kite nou!’Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.15‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li,e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’16Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo;konsèy a mechan yo lwen mwen.
17“Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn?Èske malè konn vin tonbe sou yo?Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?18Èske se tankou pay nan van yo ye vrè,pay ke van pouse ale?19Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.20Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate.Kite li bwè lakòlè Bondye.21Paske ki konsiderasyon ki genyenpou lakay sila ki swiv li a,lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
22“Èske gen moun kab bay Bondye konesans?Se Li menm ki jije sila anwo yo.23Yon moun mouri ak tout fòs li,byen alèz e kal;24Tout bokal li yo plen lète tout mwèl zo l li byen mou,25Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè,e pa janm goute nan sa ki bon.26Ansanm yo kouche nan pousyè ae vè vin kouvri yo.
27“Gade byen, mwen konnen sa ou ap panseak plan nou sèvi pou fè m tò yo.28Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lane kote tant kote mechan an rete a?’29Èske nou pa janm mande vwayajè yo?Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?30Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a;Y ap vin parèt nan jou kòlè a.31Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo?E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?32Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.33Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè;anplis, tout moun va swiv dèyè li,menm ak gran fòs san kontwòl yo,yo te ale devan l.34Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfònan konsolasyon an ven nou yo?Paske repons nou yo fèt ak manti.”