Job20hat_bsa

1Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:2“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,menm akoz tout anndan m tèlman ajite.3Mwen tande repwòch ki fè m wont.Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.4Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an,depi lòm te mete sou latè,5Ke viktwa a mechan yo kout,e jwa a enkwayan an se pou yon moman?6Malgre wotè li ta rive nan syèl la,pou tèt li ta touche nwaj yo,7l ap peri nèt tankou fatra.Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’8Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li.Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.9Zye ki te wè l la pa wè l ankò,e plas li a pa gade li ankò.10Fis li yo fè byen pou malere yo,e men yo remèt byen li yo.11Zo li yo plen ak fòs jenès li,men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
12“Sepandan, mechanste dous nan bouch lie li kache li anba lang li,13Li pito mal la, e refize lage l,men kenbe li nan bouch li,14men manje nan vant li vire.Li tounen pwazon vipè anndan l.15Li te vale richès,men vomi fè yo retounen vin parèt.Bondye va fè yo sòti nan vant li.16Li souse pwazon koulèv yo;lang a vipè a kap touye li.17Li pa gade dlo yo ankò,ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.18Li remèt sa ke li te pran an.Li pa kab vale l.Afè richès a komès li yo,li pa kab menm rejwi de yo.19Paske li te oprime e abandone malere yo.Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
20“Akoz li pa t kab kalme kè l,li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.21Anyen pat rete ke li pat devore;akoz sa a, byen li yo pat dire.22Ranpli ak tout bagay li, li va jennen;men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.23Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.24Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a,men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.25L ap rale sòti parèt dèyè do li,menm pwent glise a soti nan fyèl li.Gwo laperèz va parèt sou li.26Fènwa nèt rezève kon trezò li,e flanm dife san van an va devore li.Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.27Syèl yo va revele inikite lie tè a va leve kont li.28Riches lakay li va pati,posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.29Sa se pòsyon a moun mechank ap sòti nan men Bondye,sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”