Job19hat_bsa
1Epi Job te reponn:2Pou konbyen de tan, nou va toumante m,e kraze mwen avèk pawòl yo?3Dis fwa sa yo nou te ensilte m;nou pa menm wont fè m tò.4Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.5Si anverite nou vin ògeye kont mwen,e fè m wè prèv a gwo wont mwen,6alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò,e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.7“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.8Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase,e Li te mete fènwa sou pa m yo.9Li te retire lonè sou mwen ete retire kouwòn nan sou tèt mwen.10Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.11Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwene te konsidere m kon lènmi Li.12Lame Li a vin rasanble poubati chemen pa yo kont mwen.Yo fè kan kap antoure tant mwen an.13“Li te retire frè m yo byen lwen mwene sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.14Fanmi mwen yo vin fè fayite pi pwòch zami m yo te bliye m.15Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yokonsidere m kon yon etranje.Mwen se yon etranje menm nan zye yo.16Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.17Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,e mwen vin abominab a pwòp frè m.18Timoun yo meprize mwen.Mwen leve e yo pale kont mwen.19Tout asosye m yo etone ak krent devan m.Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.20Zo m yo kole sou po m ak chè m;se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.21“Gen pitye pou mwen, gen pitye,O nou menm ki zanmi mwen yo,paske men Bondye vin frape mwen.22Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondyee pa satisfè ak chè mwen.23O ke pawòl mwen yo te ekri!O ke yo te enskri nan yon liv!24Ke avèk pwent plim ak plon,yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!25Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.26Menm lè po m fin detwi,malgre chè m fin sòti,mwen va wè Bondye nan chè a;27ke mwen, mwen menm va wè,ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.“Kè m vin fèb anndan m.28Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’29fè lakrent nepe a pou kont nou,paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.Fòk nou kab konnen, gen jijman.”