Job16hat_bsa
1Epi Job te reponn:2Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;move konsolatè nou tout ye.3Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a?Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?4Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont oue souke tèt mwen sou ou.5Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.6Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m;si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?7Men koulye a, Li fin fatige m nèt;Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.8Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen.Li fè temwayaj devan figi mwen.9Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè,Li te modi blese m ak dan L.Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.10Yo te gade m, bouch yo louvri.Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;yo te oganize yo menm kont mwen.11Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,e te jete mwen nan men a mechan yo.12Mwen te alèz, men Li te brize mwen,Li te sezi mwen nan koue te souke mwen jiskaske m fè mòso;anplis li te fè m objè tiraj.13Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.Li vide fyèl mwen atè.14Li kase antre brèch pa brèch;Li kouri sou mwen kon yon jeyan.15Mwen te koud twal sak sou kò mepi pouse kòn mwen antre nan pousyè.16Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yoe pòpyè zye m vin fonse nwa,17Malgre nanpwen vyolans nan men m,e priyè mwen yo san tach.18O latè a, pa kouvri san kò mwen.Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.19Menm koulye a, gade byen,temwen m se nan syèl la.Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.20Se zanmi mwen yo k ap moke m.Zye m kriye a Bondye.21O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,kon yon moun plede ak vwazen li!22Paske lè kèk ane fin pase, m ap pralenan chemen ki pap retounen an.