Job15hat_bsa

1Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:2Èske yon nonm saj ta dwe bay reponsak konesans ki sòti nan van,e ki plen tèt li avèk van lès?3Èske li ta diskite ak pale initil,oswa ak pawòl ki pa gen valè?4Anverite, ou manke respè Bondyee ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.5Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou,e ou chwazi langaj a rizye yo.6Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
7“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?8Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo,oswa èske tout sajès se pou ou sèl?9Kisa ou konnen ke nou pa konnen?Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?10Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou,ki pi gran pase papa ou.11Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?12Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa?Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?13Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye ekite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?14Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach,oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?15Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yoe menm syèl yo pa san tach nan zye Li;16konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;lòm ki bwè inikite kon dlo a!
17“M ap di ou, koute m byen;sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;18sa ke moun saj konn palee ki pa t kache sòti de papa pa yo,19A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,e pa t gen etranje ki te pase pami yo.20Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan,e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.21Bri laperèz sone nan zòrèy li.Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.22Li pa gen espwa sòti nan tenèb la.Desten li se nepe.23Li mache egare pou chache manje epi di:‘Kote li ye?’Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.24Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.25Paske li fin lonje men l kont Bondyee aji ak awogans kont Toupwisan an.26Li kouri kou rèd sou li tèt avanavèk gwo boukliye li.27Paske li fin kouvri figi li ak grès li,e fè kwis li vin lou ak chè.28Li te viv nan vil dezole yo,nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,ki fèt pou vin dekonble nèt.29Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.30Li p ap chape nan tenèb la.Flanm nan va seche tout boujon li yo.Kon souf bouch li, lap wale nèt.31Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la.Sa a ta yon desepsyon;paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.32Sa va vin rive avan lè li.Branch palmis li p ap vèt.33Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,e va jete flè li kon pye oliv la.34Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,epi se dife kap brile tant anba pwès yo.35Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite;epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”