Jérémie51hat_bsa
1Konsa pale SENYÈ a:“Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylonee kont moun k ap viv Chaldée yo,lespri a yon van kap detwi.2Mwen va voye etranje yo Babylonepou yo ka vannen l,pou yo kapab devaste peyi li a;paske tout kote nan jou gwo malè li a,yo va kontra li toupatou.3Kontra sila a ki koube a,kite achè koube banza li.Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo,pa kite jennonm li yo chape!Touye tout lame li nèt!4Yo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo,frennen nèt, kouche nan lari yo.5Paske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li,SENYÈ dèzame yo;sepandan, peyi yo plen koupabilite devanSila Ki Sen an Israël la.6“Sove ale soti nan mitan Babylone!Nou chak sove lavi nou!Pa vin koupe retire nan inikite l,paske sa se lè vanjans SENYÈ a.Li va rann rekonpans bay li.7Babylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a,ki te fè tout mond lan vin sou.Nasyon yo te bwè nan diven li an;akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.8Sibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt;rele anmwey sou li!Pote pomad pou doulè li.Petèt li ka geri.9“Nou te pito gerizon pou Babylone,men li pa t geri.Abandone l.Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou;paske jijman li an fin rive nan syèl la,e leve wo rive jis nan syèl yo.10‘SENYÈ a te mennen ladwati nou an.Vini, annou rakonte depi nan Sionzèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’11“File flèch, plen fouwo yo!Kenbe pwotèj yo djanm!SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie,paske volonte L kont Babylone, pou detwi li.Paske se vanjans SENYÈ a,vanjans pou tanp Li an.12Leve yon sinyal kont miray Babylone yo!Plase yon gad byen fò!Pozisyone santinèl yo,mete gason an anbiskad.Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan,men te acheve objektif sa Li te palekonsènan sila ki rete Babylone yo.13O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo,plen ak richès yo,dènye lè nou an gen tan rive,mezi gwo lanvi nou.14SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li.Li te di:‘Anverite, mwen va plen nou ak mounkon yon gwo foul krikèt volane yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’15“Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a,ki te etabli lemonn ak sajès Li,e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.16Lè vwa L sone,yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo,e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo.Li fè loray pou lapli,e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.17“Tout lòm gen tan fè bèt, san okenn konesans;tout òfèv yo fè wont akoz imaj fonn yo,paske imaj fonn yo se yon desepsyone nanpwen souf nan yo.18Yo san valè, yon zèv pou moke moun;nan tan pinisyon yo, yo va peri.19Pòsyon Jacob pa tankou sa yo;paske Sila ki fè tout bagay la se Li menme selon tribi eritaj Li a,SENYÈ dèzame yo se non L.20“Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo;epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo.Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.21Avèk ou, Mwen kraze cheval laak sila ki monte sou li.Avèk ou, mwen kraze cha lagè a,ak sila ki monte ladann nan.22Avèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm.Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.23Avèk ou, Mwen kraze bèje a ak bann mouton li an.Avèk ou, Mwen kraze kiltivatè a ak bèf cha li yoAvèk ou, Mwen kraze majistra yo ak prefè yo.24“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.25“Gade byen, Mwen kont ou O mòn k ap detwi,ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a:“Mwen va lonje men M kont ou,fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yoe Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.26Yo p ap pran nan men ou,menm yon wòch pou fè kwen,ni yon wòch pou fondasyon yo,men ou va dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.27“Leve yon sinyal nan peyi a,soufle yon twonpèt pami nasyon yo!Konsakre nasyon yo kont li!Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo!Chwazi yon gwo chèf kont li;leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.28Konsakre nasyon yo kont li,Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo,ak tout peyi ke yo konn domine yo.29Peyi a ta tranble e tòde;paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe,pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.30Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen;yo rete nan sitadèl fòtifye yo.Fòs yo fin epwize nèt.Yo vin tankou fanm.Lakay yo pran dife.Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.31Youn kouri rankontre yon lòt;yon mesaje rankontre yon lòt,pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire,soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.32Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou.Yo te brile marekaj yo ak dife,e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”33Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:“Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen.Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan,sezon rekòlt la rive sou li.”34“Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen.Li te kraze mwen.Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid.Tankou yon dragon, li te vale mwen.Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo.Li te lave mwen ale nèt.35Ke vyolans anvè mwen an,e anvè chè mwen an,kapab tonbe sou Babylone.”Pèp Sion an va di:“Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”,Jérusalem va di.36“Akoz sa”, pale SENYÈ a:“Gade byen, Mwen va plede ka ou,e egzije vanjans nèt pou ou.Mwen va seche lanmè li,e fè sous li yo vin sèch.37Babylone va devni yon gwo pil ranblè,yon kay pou chen mawon,yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv,san gen moun ki rete ladann.38Yo va gwonde ansanm kon jenn lyon,yo va gwonde kon pitit a lyon.39Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo,e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt,pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.40“Mwen va bese yo tankou jenn mouton nan labatwa,kon belye ansanm ak mal kabrit.41“Gade kijan Schéschac fin kaptire!Kijan glwa a tout tè a vin pran!Gade kijan Babylone devni yon objè degoutan pami nasyon yo!42Lanmè fin monte sou Babylone;li te anvayi pa move vag li yo.43Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd,yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kotemoun pa vive pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.44Mwen va pini Bel nan Babylonee Mwen va fè sa li te vale a sòti nan bouch li.Nasyon yo p ap kouri ankò kote li.Menm miray Babylone nan va tonbe!45“Sòti nan mitan li, pèp Mwen ane nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.46Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapòk ap tande nan tout peyi a,paske rapò a va rive nan yon ane,e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane,gen vyolans nan peyi a,e yon wa kont yon lòt wa.47Pou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pinizidòl taye a Babylone yo.Konsa, tout peyi li a va vin wont,e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.48Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann varele fò ak jwa sou Babylone;paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.49“Anverite, Babylone gen pou tonbepou sila ki te touye an Israël yo.Menm jan pou Babylone an,moun de tout peyi a va tonbe.50Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti!Pa rete menm!Sonje SENYÈ a de lwen;kite Jérusalem parèt nan lespri ou.51“Nou vin wont akoz nou te tande repwòch.Wont lan fin kouvri figi nou,paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”52“Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:“Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo.Konsa, sila ak blesi mòtèl yova plenyen nan tout peyi li a.53Malgre Babylone ta monte nan syèl la,e malgre li ta ranfòse sitadèl li a;destriktè yo va soti kote Mwen,e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.54“Bri a gwo kri k ap sòti Babylone,ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo!55Paske SENYÈ a va detwi Babylone.Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann;vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo,ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.56Paske sila k ap detwi a fin rive sou li,sou Babylone nan menm.Mesye pwisan li yo fin kaptire.Banza yo fin kraze nèt.Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans.L ap rekonpanse nèt.57Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou;menm majistra li yo ak prefè li yo.Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”,deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.58Konsa pale SENYÈ dèzame yo:“Miray Babylone nan ki tèlman lajva vin demoli nèt.Wo pòtay li yo va pran dife.Donk, pèp yo va travay di pou ryen,e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”59Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.)60Konsa, Jérémie te ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo.61Epi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa,62Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.63Konsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e jete l nan mitan rivyè Euphrate la.64Ou va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.