Ésaïe46hat_bsa
1Bel vin pwostène,Nebo koube nèt.Imaj pa yo kon pote sou bèt;menm sou tout kalite bèt domestik.Bagay ke nou pote yo se chaj lou;yon fado ki pèze sa yo ki fatige.2Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.Yo pa t ka delivre chaj lou a,men yo menm vin prizonye yo.3Koute Mwen, O lakay Jacobak tout retay lakay Israël la;nou menm ki te pote menm depi nan nesans,ki te pote depi nan vant.4Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.Mwen te fè, e Mwen va pote.Mwen va pote, e Mwen va delivre.5A kilès nou ta fè Mwen sanble,fè Mwen vin egal e konpare Mwen,konsi nou te menm bagay?6Kèk kon vide lò ki sòti nan bous,oswa peze ajan sou balans.Anplwaye yon òfèv,e l ap fè l vin tounen yon dye.Yo pwostène—e anverite, yo adore l.7Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.Li p ap ka deplase nan plas li.Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn;li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.8Sonje sa e kanpe fèm kon gason;kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.9Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,10ki deklare lafen depi nan kòmansmane depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”11M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,yon nonm volonte Mwen an,k ap soti nan yon peyi lwen.Anverite, Mwen te pale.Anverite, Mwen va fè sa rive.Mwen ki te fè plan an;Mwen k ap fè l rive.12Koute Mwen, nou menm, moun tèt di,ki lwen ladwati yo!13Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.Li pa lwen,epi sali Mwen p ap fè reta.Mwen va bay sali nan Sione glwa Mwen a Israël.