Ésaïe35hat_bsa

1Savann nan ak dezè a va kontan.Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.2Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,e fè yon kri lajwa.Glwa Liban an va bay a li menm;majeste a Carmen ak Saron an.Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
3Ankouraje men ki pedi fòs,e ranfòse jenou ki fèb la.4Pale a sila ki gen kè twouble yo,“Pran kouraj!Pa pè!Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.Rekonpans Li an va rive.Li va vini, e Li va sove nou.”
5Konsa, zye avèg yo va louvri,e zòrèy a soud yo debouche.6Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.Paske dlo va pete nan tè sèch yo,ak vwa dlo yo nan dezè a.7Peyi deseche a va vin tounen yon letan,e tè swaf kòn sous k ap pete dlo.Nan landwa chen mawon yo,nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.8Yon gran chemen va la, yon gran ri.Li va rele Chemen Sen an.Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.9Nanpwen lyon k ap la,ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.Yo p ap twouve la.Men rachte yo va mache la.10Rachte a SENYÈ yo va retounen.Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.Yo va twouve kè kontan ak lajwa;tristès ak soupi va sove ale.