Ésaïe26hat_bsa
1Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:“Nou gen yon vil ki fò;li monte miray ak ranfò pou sekirite.2Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;sila ki rete fidèl la.3Sila ki rete fèm nan panse li yo,Ou va kenbe nan lapè pafè,akoz li gen konfyans nan Ou.4Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,paske nan BONDYE SENYÈ a,nou gen yon Wòch etènèl.5Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,vil ki pa t kapab venk lan.Li te desann li ba.Li te desann li jis atè.Li te jete li nan pousyè.6Pye va foule l, pye a malere a,pla pye a sila ki san sekou yo.”7Chemen moun jis se ladwati.O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.8Anverite, selon jijman Ou yo,O SENYÈ, nou t ap tann Ou.Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.9Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;paske lè jijman Ou yo rive sou latè,sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.10Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati.Li aji ak enjistis nan peyi ladwati.Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.11O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li;men yo va wè zèl Ou pou pèp lae y ap vin wont.Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.12SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou,akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.13O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou;men se non Ou sèl, ke nap konfese.14Sila ki mouri yo p ap viv.Lespri ki pati yo p ap leve ankò.Konsa, Ou te pini yo, detwi yoe Ou te efase tout memwa a yo menm.15Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,Ou te agrandi nasyon an!Ou leve wo!Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.16O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou.Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.17Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.18Nou te ansent, nou te vire kò,men nou pa t bay nesans a plis ke van.Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,ni pitit mond yo pa t tonbe.19Moun mouri Ou yo va viv;kadav pa yo va leve.Nou menm ki kouche nan pousyè a,leve e fè kri lajwa,paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.20Vini, pèp mwen an, antre nan chanm noue fèmen pòt nou dèyè nou.Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.21Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,e li p ap kache mò li yo ankò.