Osée10hat_bsa
1Israël se yon pye rezen byen fètil;li pwodwi fwi pou pwòp tèt li.Selon kantite fwi li te genyen,li te miltipliye lotèl li yo.Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.2Kè yo vin divize.Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo.SENYÈ a va kraze lotèl yo.Li va detwi pilye sakre yo.3Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa,paske nou pa krent SENYÈ a.Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”4Se sèlman pawòl ke yo pale,ak fo sèman pou fè akò.Donk jijman yo pete leve tankou zèbk ap anpwazone nan tras chan yo.5Pèp Samarie yo va gen lakrentakoz jenn bèf Beth-Aven nan.Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li,ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li,pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.6Sa va pote ale osi an Assyriepou fè omaj a Wa Jareb.Éphraïm va resevwa lawont,e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.7Pou Samarie, wa li a va vin peritankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo.8Anplis, wo plas Aven yo,peche Israël la, va vin detwi.Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo.Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!”E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”9O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche.Se la yo te kanpe!Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.10Lè se volonte Mwen,Mwen va bay yo chatiman.Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yolè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.11Éphraïm se yon gazèl bèf byen antreneki renmen foule grenn nan,men Mwen va pase jouk lasou bèl kou li a.Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm.Juda va raboure.Jacob va repase pou kraze bol tè a.12Simen a nou menm anvè ladwati,rekòlte selon ladousè.Fann tè ki poze ou a;se lè pou chache SENYÈ ajis lè Li vin vide ladwati sou nou.13Nou te raboure mechanste;nou te rekòlte lenjistis.Nou te manje fwi manti a,akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou,nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.14Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou ane tout fòterès nou yo va detwi,tankou Schalman te detwi Beth-Arbelnan jou batay la,lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.15Konsa li va ye pou nou menmnan Bétel akoz gwo Mechanste nou yo.Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt.