Habacuc1hat_bsa

1Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè.2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou pa delivre.3Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se destriksyon ak vyolans ki devan mwen; gwo konfli ak kont k ap leve toupatou.4Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.5“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.6Paske, gade byen, Mwen ap leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou sezi kote ki pa pou yo.7Yo plen tout moun ak gwo laperèz, ak lakrent. Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm.8Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.9Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab.10Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.11Tankou van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”12Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.13Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?14Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo?15Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.16Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.17Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye detwi nasyon yo san mizerikòd?