Jenèz20hat_bsa
1Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan Guérar.2Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.3Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”4Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot?5Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”6Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen pa t kite ou touche li.7Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”8Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.9Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:10Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”11Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.12Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen.13Lè li te rive ke Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’”14Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.15Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”16A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”17Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.18Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.