Eklezyas11hat_bsa
1Voye pen ou sou sifas dlo,e apre anpil jou, ou va twouve l.2Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.3Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,kote li tonbe a, se la l ap kouche.4Sila ke veye van an p ap simen;ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.5Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,se konsa ou pa konnen zèv Bondyeki fè tout bagay la.6Simen semans ou nan maten an;ni pa gaspiye tan nan aswè.Paske ou pa janm konnen si se nan matenoswa nan aswè semans lan ap reyisi;ni si se pa tou de k ap bon.7Limyè a byen bèl,e li bon pou zye wè solèy la.8Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,kite li rejwi li nan yo tout;men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.Tout sa ki gen pou vini se vanite.9Rejwi jennonm, pandan jenès ou,e kite kè ou rete kontanpandan ane de laj jenès ou yo.Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,men konnen byen ke Bondyeva rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.10Pou sa, retire gwo doulè ak mechanstepou l pa nan kè ou,e fè mal rete lwen chè ou;paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.