Detewonòm32hat_bsa

1“Prete zòrèy nou, O syèl yo;kite mwen pale.Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.2Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,pawòl mwen yo poze tankou lawouze,tankou ti gout sou zèb fre,ak lapli k ap farinen sou zèb.3Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.Bay glwa a Bondye nou an!4Wòch la! Zèv Li yo pafè,paske tout chemen li yo jis.Yon Bondye fidèl e san enjistis,dwat e jis ke Li ye.5Yo te fè zak konwonpi anvè Li.Yo pa pitit li akoz defo yo.Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,6se konsa nou rekonpanse SENYÈ a,O pèp ki san konprann e ki san sajès?Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an,ki te fè nou e ki te fòme nou?7Sonje jou tan pase yo,konsidere lane a tout jenerasyon yo.Mande papa nou e li va fè nou konnen,ansyen nou yo e yo va di nou.8Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo,lè Li te separe fis a lòm yo,Li te etabli lizyè a tout pèp laSelon kantite a fis Israël yo.9Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a.Jacob se don eritaj Li a.10Li te twouve li nan yon peyi dezè,nan savann dezole kote van soufle a.Li te antoure li, Li te pran swen li,Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.11Tankou yon èg ki anvayi nich li,ki pann sou jenn pitit li yo,Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo.Li te pote yo anwo plim li.12SENYÈ a sèl te gide li.Li pa t gen dye etranje ki te avè l.13Li te fè li monte sou wo plas tè yo.Yo te manje pwodwi a chan yo.Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la,ak lwil nan wòch ki te di:14Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo,avèk grès jenn ti mouton yo,Belye a ras Basan yo ak kabrit,Avèk ble ki pi fen yo.Nou te bwè san rezen an,diven an menm nou te bwe.15Men Israël te vin gra e te voye pye.Ou vin gra, gwo e swa.Li te abandone Bondye ki te fè l la,e li te meprize Wòch a delivrans li an.16Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo.Avèk bagay abominab,yo te pwovoke Li a lakòlè.17Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo,a dye ke yo pa t janm konnen,dye nèf ki fenk parèt,ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.18Nou te neglije Wòch ki te fè nou an,e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.19SENYÈ a te wè sa e te meprize yoakoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.20“Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo.Mwen va wè kijan yo fini;Paske yo se yon jenerasyon pèvès,fis ki pa fidèl.21‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo.Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo.Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo.Mwen va pwovoke yo a lakòlèavèk yon nasyon ki san konprann.22Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen,ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo.Li manje latè a avèk tout don li yo,e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
23Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo.Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.24Mwen va epwize yo ak gwo grangou,e manje yo ak chalè ki brile,e avèk destriksyon anmè.Mwen va voye pami yo bèt voras,avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.25Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo,epi pa anndan, gwo laperèz,ni sou jennonm ni vyèj la,tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.26Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso,M ap rache memwa yo soti de lòm,27si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an,ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di:“Se men nou ki gen viktwa a.Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
28Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.Yo san konprann.29Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa,ke yo te konprann avni yo!30Kijan yon moun ta kapab chase yon milye,pou de sèl grenn fè di mil sove ale,sof ke Wòch pa yo a te vann yo,sof ke SENYÈ a te livre yo bay.31Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an.Menm lènmi nou yo kapab jije sa.32Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome,ak chan yo nan Gomorrhe.Rezen pa yo se rezen pwazon.Grap yo anmè.33Diven pa yo se pwazon vipè,pwazon mòtèl koulèv kobra.
34Èske M pa mete sa nan depo,byen sele nan trezò Mwen?35“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon,nan lè pye yo va glise,Paske jou malè a yo toupre,E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
36Paske SENYÈ a va jije pèp Li a.Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo,lè Li wè fòs yo fin disparèt,ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.37Li va di: ‘Kote dye yo ye?Wòch kote yo te pran refij la?38Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,e ki te bwè diven a bwason pa yo a?Kite yo vin bannou sekou!Kite yo fè kote pou nou kache!
39Vin wè ke Mwen menm se Li.Nanpwen dye sof ke Mwen.Se Mwen ki mete a lanmò,e se Mwen ki bay lavi.Se Mwen ki te fè blesee se Mwen ki fè gerizon.Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.40Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di:Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,41si Mwen file nepe briyan Mwen an,se men M ki kenbe lajistis.Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.42M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,e nepe Mwen va devore chè avèk sana mò yo ak kaptif yo,k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
43Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a,paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo.Li va rann vanjans sou advèsè Li yo,e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”44Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Josué, fis a Nun nan.45Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël,46li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.47Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.48SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di:49“Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an.50Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;51akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo.52Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”