Amos3hat_bsa
1Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:2“Nou sèlman, Mwen te chwazipami tout fanmi sou latè yo.Akoz sa, Mwen va pini noupou tout inikite nou yo.”3Èske de mache ansanm,san yo pa antann yo?4Èske yon lyon va gwonde nan rak bwasan ke li pa kaptire yon bagay?Èske yon jèn ti lyonka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?5Èske yon zwazo ka kenbenan yon pèlen atè, si resò a pa t rale?Èske pèlen an ka vòltije sòti atè,san ke li gen yon bagay pou kenbe?6Èske twonpèt sone nan vil la,san pèp la p ap pè?Èske malè kon rive nan yon vil,san ke SENYÈ a ki fè l?7Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen,san Li pa aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.8Yon lyon fin gwonde!Se kilès ki p ap pè?SENYÈ a fin pale!Se kilès ki ka refize pwofetize?9Pwoklame sou sitadèl Asdod yo,ak sitadèl peyi Égypte yo.Di yo konsa:Rasanble nou sou mòn Samarie yopou wè gwo zen ki anndan yo,ak opresyon ki nan mitan yo.10“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a,“sila yo k ap kache piyaj yoak sa yo ranmase nan palè pa yo.”11Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:“Yon lènmi va ranvwaye peyi a.Li va rale desann barikad ou yo,episitadèl ou yo va piyaje.”12Konsa pale SENYÈ a:Menm jan bèje a rache de janmsoti nan bouch lyon an,oswa yon mòso zòrèy,konsa, fis Israël ki rete Samarie yo,alèz sou bèl mèb yo,ak kousen swa yo sou kabann nan,va vin chape.13“Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.14“Paske nan jou ke Mwen va vizitetransgresyon Israël yo sou li,Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo.Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt.Yo va tonbe atè.15Kay sezon livè a, Mwen va frapeansanm avèk kay sezon lete a.Kay livwa yo va vin peri,e gran mezon yo p ap la ankò,”di Senyè a.