II Wa Yo15hat_bsa
1Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.2Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.3Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè.4Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.5SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.6Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?7Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.8Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.9Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.10Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li.11Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo?12Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.13Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie.14Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li.15Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?16Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.17Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie.18Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.19Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.20Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.21Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?22Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.23Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.24Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebat la, avèk sila li te fè Israël peche yo.25Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.26Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.27Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan.28Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.29Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.30Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.31Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.32Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.33Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la.34Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.35Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?37Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.38Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.