II Kwonik Yo21hat_bsa

1Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.2Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la.3Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.4Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.5Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem.6Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.7Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.8Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.9Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.10Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.11Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.12Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a,13men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.14Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè.15Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”16SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo.17Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.18Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri.19Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo.20Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.