I Tesalonisyen Yo5hat_bsa
1Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.2Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.3Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.4Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.5Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.6Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.7Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou lannwit.8Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.9Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.10Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.11Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.12Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.13Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. Viv nan lapè avèk youn lòt.14Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.15Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.16Se pou nou rejwi nou tout tan.17Priye san rete.18Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.19Pa etenn Lespri Sen an.20Pa meprize pawòl pwofetik yo.21Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an22e evite tout kalite mal.23Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.24Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.25Frè m yo priye pou nou.26Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.27Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.28Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.