I Wa Yo15hat_bsa

1Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda.2Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fis a Abisalom lan.3Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David.4Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.5Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.6Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li.7Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam.8Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.9Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda.10Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom lan.11Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.12Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo.13Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.14Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo.15Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.16Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo.17Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a.18Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:19“Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”20Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a.21Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa.22Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa.23Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li.24Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.25Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan.26Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a.27Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon.28Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li.29Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la.30Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.31Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?32Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.33Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane.34Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.