1 Korentyen Yo5hat_bsa
1Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.2Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.3Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan.4Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,5nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.6Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?7Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.8Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.9Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;10Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.11Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.12Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?13Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.